Nouvo sistèm transpò piblik nan Springfield — Field Trips — ap lanse nan dat 15 jiyè.

Nouvo sèvis sou demann Springfield la, Field Trips, ap pèmèt ou rezève woulib pou nenpòt kote nan vil la. L ap fonksyone an menm tan ak sistèm aktyèl la jiska 28 jiyè, epi l ap ranplase l nèt apati 29 jiyè.

 

s1j7yjei_qr_code logo

Eskane pou telechaje

Nou vle tande opinyon w!

Pandan n ap prepare pou n lanse Field Trips—nouvo sèvis transpò Springfield la—nan dat 15 jiyè, nou ta renmen konnen plis sou fason w itilize transpò piblik kounye a ak nenpòt difikilte w rankontre. Reponn ti sondaj rapid 5 minit sa a epi ede n fè Field Trips tounen yon mwayen ki pratik, fyab, epi aksesib pou deplase nan kominote nou an.

Field Trips ap lanse 15 jiyè!

Pwofite woulib gratis jiska 28 jiyè pandan w ap dekouvri nouvo sèvis la.

Tankou yon taksi pataje, men pi bon.

Field Trips ofri transpò fasil, abòdab, ak fleksib pou rezidan Springfield yo.

Field Trips_Service Zone Map_POI-bl-3

Field Trips se yon sèvis transpò piblik sou demann ki ofri kous ansekirite e konfòtab dirèkteman lakay ou. Ou pa bezwen ajiste plan w yo selon yon orè — Field Trips vini lè w rele, epi y ap vin chèche w nan yon kote pratik ki toupre.

Pri

Tarif Standard (gen ladan Chofè Prensipal, Pasaje Anplis, ak Timoun ki gen plis pase 4'9" wotè)
$2

Tarif Rabè (disponib pou chofè prensipal yo ak pasaje anplis ki kalifye pou yon tarif redwi)

$1
Timoun (ki poko gen 4'9" wotè)
Gratis (Tanpri pote pwòp chèz machin ou pou sekirite yo
Sèvis Paratransit Field Trips Assist (gen ladan Chofè Prensipal, Pasaje Anplis, ak Timoun ki gen plis pase 4'9" wotè)
$4

Orè sèvis yo

Lendi jiska Vandredi, 6:40am - 6:40pm.

Fason fasil pou peye

Sèvi ak yon kat kredi, kat debi, lajan kach, oswa yon pas.

 

Opsyon Rezèvasyon Senp

Apati 15 Jiyè, w ap kapab rezève yon vwayaj atravè aplikasyon Field Trips la, lè w rele Sèvis Kliyantèl la oswa atravè pòtay wèb nou an.

 

Field Trips Assist

Field Trips pou Pasaje Paratranzit
Si w elijib, ou ka kontinye vizite tout menm kote yo—epi rezève vwayaj ou jiska 7 jou alavans pa telefòn, sou aplikasyon an, oswa anliy.

Ou poko elijib? Enskripsyon ap louvri 15 Jiyè.

Aksesibilite

Gen veyikil aksesib ki disponib pou chèz woulant.

Kijan pou monte Field Trips

3 etap fasil pou monte abò nan de tan twa mouvman.

Field Trips - App Store Screen

1. Kreye yon kont

Telechaje aplikasyon Field Trips la nan App Store prefere w epi swiv etap senp yo pou enskripsyon an. 

47715155-0-app-store 47715150-0-play-store

Field Trips - Book Ride Screen

2. Rezève yon kous

Antre adrès kote pou yo vin chèche w ak depoze w. Pou w chwazi kous ki bon pou ou a peze Book ride.  

Field Trips - Wait for Ride Screen

3. Rankontre chofè ou

Verifye aplikasyon an pou jwenn egzakteman kibò pou w rankontre veyikil la. Se gendwa yon ti mache kout soti kote ou ye a, men sa rann vwayaj la pi rapid.

Ou pa gen telefòn entelijan? Pa gen pwoblèm.
Pou rezève yon kous, rele (937) 328 7228
 

Opinyon w enpòtan pou nou

Pran sondaj rapid 5 minit nou an epi ede fòme Field Trips pou l tounen yon fason ki pratik, fyab, epi aksesib pou deplase nan kominote nou an.

Kesyon yo poze souvan

Kijan sèvis la fonksyone?

Poukisa m oblije mache al rankontre kous mwen an?

Sèvis mikwotranspò pataje sa a fonksyone soti nan yon kwen rive nan yon lòt olyede pòt an pòt. Sa vle di ou ka oblije mache yon ti distans pou w rive nan kote pou yo pase pran ou a. Pou fè bagay yo kontinye fonksyone san pwoblèm epi avèk efikasite, sistèm nou an afekte w nan yon 'arè bis vityèl' - ki se pwen pou pase pran ak depoze moun ki anjeneral toupre yon kwen lari. Men kijan nou kapab pase pran plizyè pasaje san ajoute yon gwo kantite tan nan vwayaj chak pasaje.

Ki aparans veyikil yo genyen?

Tout veyikil yo make avèk logo ak koulè sèvis la, menm jan ak grafik ki afiche anwo la a, kidonk yo ta dwe fasil pou wè.

 

Ki pwen enteresan ki genyen nan aplikasyon an?

Tout veyikil yo make avèk logo ak koulè sèvis la, menm jan ak grafik ki afiche anwo la a, kidonk yo ta dwe fasil pou wè.

Kijan pou m mande yon veyikil aksesib pou chèz woulant (WAV?)

Nou angaje nou pou bay tout moun yon transpò ki an sekirite epi konfòtab.

Si w gen bezwen mobilite ki mande pou yon veyikil ki aksesib pou chèz woulant oswa lòt kalite sipò, tanpri rele Sèvis Kliyantèl oswa klike sou onglet Aksesibilite a nan meni aplikasyon an pou asire nou voye yon veyikil ki apwopriye pou bezwen w yo.

Veyikil nou yo ki aksesib pou chèz woulant (WAV) gen ranp pou asire ou ka monte epi desann fasil. Men espesifikasyon pou flòt WAV nou an:

Chrysler Voyager BraunAbility 2024 Veyikil sa a gen yon ranp manyèl ki plwaye pa dèyè ak espesifikasyon sa yo:

  • Lajè Ranp: 34 pous espas ki ka itilize

  • Longè Ranp: 60 pous

  • Kapasite Ranp: 1,000 liv

  • Ang Ranp: 10° (ka varye)

Toyota Sienna BraunAbility 2024 Veyikil sa a gen yon ranp manyèl pa dèyè ak espesifikasyon sa yo:

  • Lajè Ranp: 32.25 pous espas ki ka itilize

  • Longè Ranp: 45 pous

  • Kapasite Ranp: 1,000 liv

  • Wotè Antre: 56 pous

  • Ang Ranp: 12.8° (ka varye)

Èske mwen ka mennen yon moun avè m?

Sètènman! Ou ka rezève kous pou tèt ou ak pou nenpòt lòt pasaje. Tout pasaje anplis yo ap peye dapre seksyon pri ki sou paj sa a epi ou pral sèvi avèk menm metòd peman an pou peye pou tout kous yo.

Èske m ka vini avèk yon bèt sèvis oswa bèt domestik mwen?

Bèt sèvis yo toujou byenvini pou monte san restriksyon. Chofè Patnè yo gen yon obligasyon legal pou bay sèvis pou pasaje ki gen bèt sèvis. Si w se yon pasaje k ap vwayaje avèk yon bèt sèvis epi ou vle rapòte nenpòt pwoblèm ou rankontre anrapò ak bèt sèvis ou a, tanpri voye yon imèl bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki mansyone anwo la a pou esplike sitiyasyon an.

Yo otorize bèt domestik ki pa bèt sèvis tou, men bèt domestik yo dwe kenbe nan yon sistèm transpò konpayi avyon apwouve pou yo ka itilize sèvis la.

Èske m ka rezève yon kous alavans?

Pasaje Field Trips Assist yo ap kapab rezève kous yo jiska 7 jou alavans.

Èske m ka rezève kous san yon telefòn entelijan?

Fason ki pi fasil pou itilize sèvis la se telechaje aplikasyon an avèk lyen yo ki anwo la a. Sepandan, si w pa gen yon smatfòn, oubyen ou bezwen èd anplis, ou ka rele ekip sipò nou an nan nimewo ki mansyone anwo la a epi n ap ede w nan telefòn.

E si vwayaj mwen an deyò zòn sèvis la?
Sèvis aktyèl la konsistan ak kouvèti sèvis ki egziste deja a. Pa gen okenn plan pou elaji zòn sèvis la nan Northridge oswa pi lwen pase lè operasyon aktyèl yo (6:40 am - 6:40 pm).
E si pitit mwen mande yon chèz machin?
Si pitit ou poko gen 4 pye 9 pous wotè, ou dwe pote pwòp chèz machin pa w.

Enfòmasyon sou Kont

Kijan pou m mete enfòmasyon sou kont m ajou (nimewo telefòn, non)?

Ale nan meni ki nan kwen anwo agoch sou aplikasyon an epi peze sou non w nan anlè a. Apresa, tape non w, imèl ou oswa nimewo telefòn ou pou modifye yo.

 

Kijan pou m chanje modpas mwen?

Louvri aplikasyon an epi seleksyone 'Get Started (kòmanse).' Nan ankadre modpas la, chwazi 'Forgot your password? (Ou bliye modpas ou?)' epi swiv endikasyon yo.

Kijan pou m ajoute adrès prefere m yo?

Ale nan meni ki nan kwen anwo agoch sou aplikasyon an epi peze sou ‘Favorites', apresa peze sou 'Set Home Address (fikse adrès kay)', 'Set Work Address (fikse adrès travay)', oubyen kreye epi nonmen yon nouvo favori. Yo fwa ou fin anrejistre adrès prefere w yo, y ap parèt kòm opsyon rapid sou ekran prensipal la, sa ki rann rezèvasyon kous yo pi fasil toujou!

Kijan pou m siprime kont mwen an?

Ale nan meni ki nan kwen anwo agoch sou aplikasyon an epi peze sou non w oswa foto pwofil ou nan anlè a. Apresa, peze sou ‘Delete my account’ nan anba paj la. Si w vle mande efase done w yo, ou ka voye yon imèl bay ekip sipò Via a nan [email protected].

Enfòmasyon sou kous

Èske m ka modifye kote pou pase pran m oswa depoze m?

Yon fwa ou kòmanse yon kous, destinasyon an pa kapab chanje. Si w poko monte abò veyikil la, ou kapab anile kous la epi ou rezève yon nouvo adrès destinasyon oswa kote pou yo vin chèche w.

 

Poukisa m pa ka mande yon kous?

Pafwa, si gen anpil demann nan zòn ou an, gendwa pa gen okenn veyikil oswa chofè ki disponib nan moman an pou sèvi kous ou a. Si plan vwayaj ou yo fleksib, ou ka eseye mande kous la ankò apre kèk minit. Tanpri fòk ou konnen, lè w rele, sa p ap ogmante kapasite w pou rezève yon kous paske ajan nou yo gen menm kapasite ou genyen pou fè rezèvasyon nan aplikasyon an.

 

Kijan m ka konnen kibò e kilè pou m rankontre chofè m nan?

On fwa yon kous konfime, w ap wè nan aplikasyon an lè ki estime pou chofè a rive (Estimated Time of Arrival, ETA). Ou ka swiv pwogrè chofè ou a an tan reyèl pou w konnen kibò li ye. Aplikasyon an ap ba w direksyon pou rive nan “arè bis vityèl” ou a ki gendwa nan yon distans kout. Annik swiv liy pwentiye a pou rive nan kote egzak pou vin chèche w la!

 

Kisa m dwe fè si chofè m lan ale san mwen?

Rezève kous ou a ankò dirèkteman nan aplikasyon w lan, apresa voye yon imèl silvouplè bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki mansyone anwo a pou esplike sitiyasyon an. Nou ba w garanti, ou p ap peye pou kous ou pa te pran.

 

Kòman pou m anile kous mwen an?

Ou ka anile kous ou a dirèkteman nan aplikasyon an oubyen lè w rele ekip sipò nou an nan nimewo ki endike anwo a. Sonje byen, anile nan dènye minit ka gen yon enpak negatif sou lòt pasaje yo, kidonk tanpri anile dèke w konnen ou pa bezwen yon kous.

Si w anile yon kous apre yon chofè fin deziyen, yo ka fè w peye yon frè anilasyon sof si ETA ou a 5 minit oswa plis pase sa ki te deklare odepa. Si w bezwen konteste yon frè anilasyon, tanpri voye yon imèl bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki endike anwo a oswa nan aplikasyon an pou esplike sitiyasyon an.

Kijan pou m rapòte yon bagay mwen bliye nan veyikil la?

Tanpri voye yon imèl bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki endike anwo a avèk yon deskripsyon atik ou bliye a. N ap fè tout sa nou kapab pou nou jwenn bagay ki pèdi a, epi si nou jwenn li, n ap fè w konnen kibò ou ka vin pran li.

Èske m ka kite yon ķòmantè pou chofè m lan?

Pa ezite pou w ranpli ekran kòmantè kous la nan aplikasyon an apre kous ou a.

Kijan pou mwen rapòte yon plent?

Tanpri kontakte ekip sipò nou an nan imèl oswa nan nimewo telefòn ki endike anwo a pou rapòte yon plent. Asire w ou mete tout kantite enfòmasyon ki posib epi n ap fè tout sa nou kapab pou ede w.

Enfòmasyon peman

Kòman pou m peye pou kous mwen yo?

Lè w ap kreye yon kont, y ap mande w pou w ajoute enfòmasyon kat kredi oswa kat debi w nan aplikasyon an. Lòt metòd peman gendwa disponib epi yo endike nan seksyon 'fason fasil pou peye' ki anwo a. Si w ap peye avèk kat, lajan an ap retire apre kous la fin fèt.

Kijan pou m ajoute oswa modifye yon metòd peman?

Ale nan meni ki nan kwen anwo agoch sou aplikasyon an epi peze sou ‘Payment Methods (metòd peman)’. Apresa, ou ka peze sou metòd peman ou vle modifye a oswa peze sou tape ‘Add a new payment method (ajoute yon nouvo metòd peman).’

Èske m bay chofè a yon poubwa?

Non. Chofè nou yo pa aksepte poubwa.

Poukisa m wè yon chaj annatant?

Gen kèk ka kote ou ka wè yon frè otorizasyon davans sou kont ou a. Chak fwa yon nouvo kat kredi ajoute nan aplikasyon an, yo bloke $1 sou kat la pou asire li valab epi li gen omwen $1 sou li.

Anplis sa, lè yon kous rezève, tout montan premye kous la ap bloke sou metòd peman an si yo prevwa li pral plis pase $15 pou asire frè peye a rive peye nan fen kous la. Sepandan, yon frè ki kenbe se pa yon frè. Frè sa a ap rete annatant epi li dwe disparèt nan kont ou oswa nan relve ou pou pita nan 3-5 jou ouvrab selon politik bank/enstitisyon finansye pasaje a.

Kijan m ka konteste yon frè pou non-prezantasyon?

Yo ka fè w peye frè pou non-prezantasyon si ou pa te alè nan kote pou vin chèche w la epi chofè a te tann de minit anplis men ou pa te monte abò veyikil la oswa ou pa te kontakte l. Si ou kwè yo te fè w peye yon frè ki pa kòrèk, tanpri voye yon imèl bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki mansyone anwo a pou esplike sitiyasyon an.

Èske gen nenpòt rabè ki disponib?
Field Trips ofri pri redui. Pou kalifye, pasaje yo dwe gen 65 an oswa plis, gen yon Kat Medicare Wouj, Blan & Ble, oswa gen yon andikap ki kalifye.
Kòman pou m aplike yon kòd pwomosyon?

Pou aplike yon kòd pwomosyon, klike sou meni ki nan kwen anwo agoch sou aplikasyon an epi seleksyone ‘Promo Codes (kòd pwomosyon)’. Apresa, ou ka mete kòd pwomosyon ou an. Fòk ou konnen sèten pwomosyon gen limit tan oswa gen restriksyon. Si w jwenn yon erè lè w ap eseye aplike yon kòd pwomosyon, li pwobab pou li pa valab ankò. Si w gen nenpòt kesyon sou yon pwomosyon presizeman, ou ka voye yon imèl bay ekip sipò nou an nan adrès imèl ki endike anwo a.

Èske yo aksepte peman lajan kach?
Peman lajan kach yo aksepte pou vwayaj sèl ak pas pou 10 vwayaj. Abònman chak mwa dwe peye ak metòd peman dijital.
Ki konsesyon yo aksepte?
Tarif redwi, moun ki gen pas pou granmoun aje, elèv
Ki kalite pas abònman chak mwa yo ka achte?
  • Pas 30 jou ($50)
    Disponib sèlman pou tout pasaje.
    Bay jiska 4 vwayaj gratis pa jou pandan 30 jou.

  • Pas Etidyan 30 jou ($35)
    Disponib sèlman pou pasaje ki gen konsesyon etidyan.
    Bay jiska 4 vwayaj gratis pa jou pandan 30 jou.

  • Pas Tarif Redwi 30 jou ($25)
    Disponib sèlman pou pasaje ki gen konsesyon Tarif Redwi oswa Pwopriyetè Pas pou Granmoun Aje.
    Bay jiska 4 vwayaj gratis pa jou pandan 30 jou.
Èske Asistan Swen Pèsonèl (PCA) mwen yo vwayaje gratis?
Jiska 2 PCA pa moun vwayaje gratis. Tanpri soumèt sa yo nan aplikasyon Paratransit ou. Lyen isit la.

Politik Jeneral yo

Politik zewo tolerans

Sèvis sa a jwenn sipò Via. Via gen yon politik estrik Zewo Tolerans. Patnè chofè yo entèdi kondi sou Platfòm Via a pandan yo anba enfliyans alkòl oswa dwòg, epi pasaje yo entèdi konsome alkòl oswa dwòg andedan veyikil la. Nou pa tolere konpòtman ki pa apwopriye, konpòtman menasan oswa vyolan nan men okenn moun k ap itilize Platfòm Via a oswa parapò ak okenn pasaje oswa patnè chofè. Si w se yon pasaje epi w obsève oswa w panse nenpòt nan ki annapre la yo, tanpri mande chofè a mete fen nan kous la touswit: chofè ou a gendwa anba enfliyans dwòg oswa alkòl, si chofè ou a ap konpòte l yon fason ou konsidere ki pa apwopriye oswa yon fason ki fè w santi w malalèz oswa andanje, osnon si chofè ou a angaje nan yon konduit ki ta ka konsidere kont lalwa oswa ilegal.

Si ou santi ou an danje touswit, tanpri rele 911 pou ou kontakte lapolis dirèkteman. Apre kous la fini, tanpri bay kòmamtè/rapòte pwoblèm avèk èd aplikasyon an, voye yon imèl ba nou nan adrès imèl sipò a oswa rele nou nan nimewo Sipò Andirèk ki endike anwo a.

Politik kont diskriminasyon

Via pa tolere okenn kalite diskriminasyon kont pasaje nou yo oswa patnè chofè nou yo. Sa gen ladan l diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, kwayans oswa afilyasyon relijye, sèks, idantite oswa oryantasyon seksyèl, laj, estati veteran, andikap fizik, mantal oswa lòt andikap (reyèl oswa dapre enpresyon), pwen depa ak destinasyon pasaje, oswa nenpòt lòt karakteristik pwoteje anba lwa aplikab nan nivo Federal oswa Eta. Anplis sa, Via pa tolere okenn kalite diskriminasyon kont bèt sèvis yo. Nenpòt pasaje oswa patnè chofè yo jwenn ki vyole politik kont diskriminasyon Via a ap pèdi aksè ak Platfòm Via a. Si w kwè ou te viktim diskriminasyon nan men yon pasaje oswa yon patnè chofè, tanpri bay kòmantè nan fonksyon evalyasyon aplikasyon an oswa voye yon imèl ban nou nan adrès imèl sipò ki endike anwo a.

Politik sou sigarèt

Nenpòt kalite fimen entèdi pou pasaje ak chofè, sa gen ladan l e-sigarèt, vaporizatè, oswa sigarèt san lafimen yo.

Politik sou manje ak bwè

Nou konnen ou an deplasman, men tanpri ede nou kenbe veyikil nou yo pwòp epi fre epi evite pote manje ak bwason nan veyikil nou yo, lè sa posib. Tanpri sonje tou manje ki gen move sant kapab jennan ak dezagreyab pou lòt pasaje parèy ou yo. Tout bwason dwe gen kouvèti epi li entèdi pou bwè alkòl oswa pote veso alkòl ouvè nan veyikil nou yo.

Politik sou apèl nan telefòn

Tanpri sonje konvèsasyon ou yo nan telefòn ka petèt pa enterese pasaje parèy ou yo. Nou mande pou koutfil yo rete sèlman pou lojistik ak ijans rapid pandan trajè pataje yo.

Politik sou bagaj

Veyikil sèvis nou yo se yon espas pataje, kidonk nou mande pou tout moun limite tout atik pèsonèl yo a yon sèl bagaj oswa yon sak ki gen gwosè rezonab.

Politik sou laj

Pasaje yo dwe gen laj 13 lane oswa plis. Timoun ki poko gen laj 13 lane ka vwayaje lè yo akonpaye ak yon paran oswa gadyen. Nou p ap bay chèz machin pou timoun, men pasaje k ap vwayaje avèk timoun ki oblije genyen yo gendwa pote pwòp chèz yo. Pasaje yo responsab byen fikse nenpòt chèz machin konsa epi asire li koresponn ak tout egzijans legal yo.